Depandans gouvènman an sou èd entènasyonal pandan pandemi an Ayiti

Pa Michelle Luma

Nan mwa septanm 2022, USAID te debake ak yon gwoup moun pou reponn ak ijans epidemi Kolera a ann Ayiti, pandan y ap Nasyonzini te bay 56.5 milyon dola nan don pou ede ak epidemi kolera a ki te touye anpil moun nan Site Soley. Kèk lòt òganizasyon entènasyonal te reponn tou paske MSPP a te san fòs. Se sa nou genyen kòm rezilta lè gouvènman yo depann sou èd entènasyonal ak èd imanitè olye yo devlope estrateji dirab.

Kolera ta lakòz anpil dega ann Ayiti pandan ane 2010, men li tounen an fòs ankò san atann nan mitan mwa septanm 2022, prèske 12 ane apre li te fin ravaje Ayiti.Yon lòt fwa ankò,kolera deklare nan peyi a. MSPP bra balan, lap tann sa blan di. Chans pou malad yo, nan mwens ke yon mwa, USAID ateri ak yon gwoup moun pou jere ijans lan epi ede moun Site Solèy ak kèk lokalite ki afekte nan maladi a.

Ajans pou Devlopman Entènasyonal pat rete endiferan,yo te fè yon don ki vo 56.5 milyon dola bay Ayiti pou konbat kolera nan Site Solèy ak lòt lokalite ki afekte yo.” Nan yon seremoni ki te fèt 14 Desanm 2022,kote manm anbansad USA te prezan, MSPP Ayiti resevwa nan men OPS yon don de twa san mil sache seròm oral ( solution rehydratation Orale) ke SOUTHCOM te voye pou ede yo kenbe lavi moun ki te konamime yo.Te genyen bato USNS ki te debake nan Jeremi tou pout e ret sou plas pou bay èd sit e gen pi mal.Selon OPS te gen 14 700 moun kontamine ak plis ke 290 moun ki mouri.

Jan anpil moun konnen deja,nan octòb 2010 MINUSTA Nepalè vide matyè fekal nan rivyè Mèy ki nan mibalè ki devèse nan rivyè Latibonit lan,epi maladi Kolera propaje nan tout peyi a, depi oktob 2010 pou rive desanm 2018,10 000 moun mouri, 820 300 kontamine. Pandan move pas sa ,Japon,bank Mondial,CERF,Comite Nasyono (Natcom) pou UNICEF,te debloke gwo lajan, MSPP (EMIRA, CTDA ,CDC) te fè pote boure nan dezenfekte kay moun malad ak klorox ,fè tès pou moun ki gen dyare, bay serum oral epi distribye klorox pou lave men.

Soti Janvye pou rive septanm 2019 maladi te bese 82%, e OMS te panse kolera tap elimimine an 2022 nan peyi Ayiti, men pou rezon ke tout moun pa rive idantifye, kolera la toujou, e olye li elimine se ogmante li ogmante. Kèk rezon ki fé maladi sa la toujou, “se paske inegalite fè yon bann moun ap viv sou kras, Rasis kenbe flanbo inekite a byen wo e Politk kontinye kenbe peyi sid yo nan sik dèt la toujou ”, sa ki pi mal la, Gouvènman yo pa vle pèdi èd sa yo , konsa,yo pa janm mande yon èd dirab kap bon pou Ayiti.se sak fè Ayiti gen 12 an a kolera.

Menm jan an tou, 19 mas 2020 an,Kovid 19 ateri an Ayiti. Yon maladi kap fè ravaj nan mond lan kote menm peyi nò yo tonbe ajenou devan li, se gwo panik tout kote. Ayisyen paka konfine paske se nan mache piblik plis ke 60% Ayisyen degaje yo pou yo ka manje chak jou, konfinman an tounen kouvrefe. Gen cas pas gen tretman ,MSPP pa gen mwayen men li bay konsèy kanmenm. 14 septanm 2020, Nasyon ini voye sekou ijans jan sa abitue fèt,li bay USAID 2,6 milyon dola pou UNICEF jere kesyon Kovid 19 la Ayiti.

Minis Sante a resevwa don bokit pou yo distribye menmjan sa te fèt pou kolera, diferans ki te genyen sete mas yo. Apre 1 an 6 mwa ,14 jiyè 2021, kélke dòz vaksen resi rive gras a gouvènman Ameriken ki promèt 12 million Dòz. Jis jodi selon OPS, se sèlman 1.9 % popilasyon an ki Vaksine.

Previous
Previous

Enpak deplasman an mas pwofesyonèl sante yo nan lòt peyi sou sistèm sante ayisyen

Next
Next

The plight of Chikonkomene community due to lack of access to health services